Haïtien Creole, biographie, Anna Mancini

Anna Mancini

Rèv ou yo ka sove lavi ou

Kòman e poukisa rèv ou yo ka avèti ou de tout danje: tranbleman tè, sinami, tònad, tanpèt, glisman teren, aksidan avyon, agresyon, atenta, kanbryolaj, eks.

Amazon.com   iBookstore   Kobo

A PWOPO DE MOUN KI EKRI LIV LA

Anna Mancini, fransèz dorijin italyen, ap viv Paris epi li se ekriven, kotch ak konferansyè. A kòz kilti fanmi li, li te enterese nan rèv depi li te tou piti.

Pi ta, pandan li ap ekri tèz doktora li sou dwa brevè envansyon yo, yon gwo rèv chanje vi li. Rèv espesyal sa ki trè klè ba li solisyon yon mistè sou dwa women

an ke plizyè chèchè patou nan lemonn pa ka rezoud.

Kont tout atant, o lye yo resevwa li avèk kè kontan nan milye inivèsitè a, dekouvèt sa, ke li pa di orijin li ki gen rapò ak rèv, fè ke yo mete li deyò nan inivèsite a epi direktè tèz li a bloke li nan karyè jiris li. Se konsa li tou chwazi mete tout li menm nan chèche ak fè eksperyans sou pwosesis bagay ki gen rapò ak rèv.

Pandan plizyè lane li tap obsève rèv yo men tou moun ki fè rèv yo, ak fè plizyè eksperyans pou li ka konprann ki enfliyans anviwònman an ak ijyèn ki gen nan vi yo genyen sou sa k’ap pase nan rèv yo. Pou rechèch sa yo, li pran enfòmasyon sou plizyè ansyen ansèyman ke moun pa konnen sou pakèt fenomèn ki konsène lespri ak panse imen ki rive jwenn nou a travè rès tras ansyen sistèm jiridik yo.

Gras ak fason orijinal sa ke li travay sou rèv yo epi avèk èd pwòp rèv pa li yo ki te dirije li nan tout pakou rechèch li yo, li te kapab:

- mete o pwen yon nouvo metòd efikas pou entèprete langaj ki gen rapò ak rèv;

- yon teknik ki pèmèt nou poze sibkonsyan nou kesyon epi jwenn repons yo sou kèlke swa domèn nan;

- konprann ki kondisyon ki favorab avèk kondisyon ki pa favorab ak aparisyon rèv kreyatif yo;

- avèk plizyè lòt bagay ankò ki ka rann fasil lavi je klè nou epi ogmante entansite enèji vital revè yo.

Li kreye nan ane 1995 asosyasyon rechèch Innovative You, ki enstale Paris, nan mitan kote li te kapab fè eksperyans avèk lòt moun, teknik de travay sou rèv yo ke li te mete an plas aprè plizyè gwo rechèch pèsonèl.

Anna Mancini ekri yon pakèt liv ke ou ka jwenn lis lan sou sit entènèt li an:

www.amancini.com

Li anime plizyè atelye, fè plizyè konferans epi fè kotch tou pou plizyè moun pou yo kapab aprann itilize yo menm tou rèv yo pou yo ka amelyore tout aspè nan vi yo epi tou pou yo ka vinn pi kreyatif. Li anseye teknik kreyativite ki gen rapò ak rèv li yo an France ak a letranje, sitou nan depatman rechèch ak inovasyon nan antrepriz yo.

Si ou ta bezwen yon kotch, òganize yon konferans, yon atelye ou byen yon fòmasyon sou rèv yo, mèsi dèske ou va kontakte moun ki ekri liv la

Contact:  info@buenosbooks.us © buenosbooks 2014